Jenerasyon Envensib : 7 lane batay, 7 lane mizik (Dezyèm Pati)

Gen sa k chwazi kouri, gen lòt ki pran konsyans

Mwen w ap jwenn mwen sou beton an nan mitan Andy ak Schill

D-Fi

Jenerasyon Envensib, Diskou, Lari.

Òganizasyon pwogresis etidyan yo te gentan konprann nesesite pou yo marande revandikasyon pa yo ak revandikasyon mas pèp la nan ideyoloji 14 Dawout 1791 lan. Konsa anpil diskisyon te tanmen anndan òganizasyon yo, anpil chita pale ak manm òganizasyon popilè yo, anpil manifestadyon etidyan pase anndan katye popilè yo, anpil atis soti nan katye popilè yo vin jwe anndan Inivèsite a, anpil aktivite soti anndan Inivèsite a pou tanmen nan katye popilè yo.

Nan yon kontèks konsa, atis Jenerasyon Envensib yo ponn yon seri zèv ki ranmase tout revandikasyon etidyan yo, ki ranmase revandikasyon pèp la kont rejim tèt kale a, oswa toude an menm tan.

Sou 10 dènye ane yo, Atis ak gwoup ki pi popilè yo konsidere kòm atis angaje yo ( Bélo, BIC, K.lib’ Mapou, Don Kato, Barikad Crew…) pa t janm rive nan yon diskou radikal nan nivo sa a. Atis sa yo se yon seri atis ki rele mizik y ap fè an yon mizik sosyal. Mizik sosyal la se yon mizik ki ranmanse revandikasyon sosyal yo epi ki vize sansibilize popilasyon an oswa Leta sou fenomèn sosyal yo. Yo souvan manyen tèm tankou chomaj, ensekirite, grangou, lavi chè, anviwonnman, eedikasyon, elatriye. Sa rive nan tèks yo, pou atis sila yo mande yon chanjman sistèm nan, men chajman sa a pa janm pran fòm yon chanjman radikal epi brital. Pi fò nan atis sa yo toujou mande pou pèp la revandike san kraze brize, san boule kawotchou epi nan respè pwopriyete prive!

Depi 6, 7 jiyè 2018, yon lòt van koumanse soufle nan peyi a. Pèp souvren an pran lari epi bwote tout sa l ka bwote, epi mete dife tout kote l anvi. Lespri 6, 7 jiyè a pral rete nan kò tout militan kòm yon ideyoloji ki bwè nan sous 14 Dawout 1791 lan. Yon mizik tankou « 6, 7, 3 » pral fè yon ranmase sou konjonkti a epi envite moun yo kontinye mobilize ;  menm jan yon lòt mizik :  «  Ann pran lari », ak anpil lòt mizik ta pral l fè l nan kad Petwomobilizasyon an. Menm lespri a epi menm pratik yo pral travèse tout mobilizasyon ki fèt apre yo nan kad batay pou Pwosè Petwokaribe a. 27 septanm ki sot pase la a, pèp la fè yon ènyèm demonstrasyon fòs. Yo piye anpil magazen, boule anpil batiman piblik kou prive, boule anpil machin, boule anpil kawoutchou.

Pandan gen yon seri moun k ap plenyen epi krache sou batay sa yo paske plas yo okipe nan rapò pwodiksyon yo pa penmèt yo wè aklè sa k ap pase a. Pandan seri ki konsyan de reyalite a ap lonje dwèt sou atis yo ki pa deside pran desizyon bò kot pèp la nan yon moman kritik konsa. Gen yon seri atis ki te gentan non senpman pote diskou sa yo men prevwa/pwone zak sa yo. Pou yo, sèl jan pou nou fini ak sistèm sa a, se nan radikalite zak n ap poze yo! Se yon seri atis ki konprann pèp souvren an pa gen anyen pou l pèdi akoz kondisyon kras y ap viv chak jou ki jou a. Jounen jodi a, majorite popilasyon an konprann pou yo soti nan sa yo ye a, se grif yo pou yo met deyò ; batay la pa senpman kont Leta men tou kont boujwazi a, piske se pou li Leta ap travay. Anpil moun ki nan sosyete sivil la, ki te yon jan renka renka ak koze vyolans lan, vin konprann pèp la pa gen lòt chwa !  Jounen jodi a, tout diskou ki pran fòm nan mobilizasyon yo te gentan ekri nan yon mizik yon atis nan Jenerasyon an oswa nan yon lòt, tout zak ki poze nan lari a sanble tèt koupe ak sa divès atis nan Jenerasyon Envensib la pwone. Mizik Jenerasyon Envensib la pa yon mizik sosyal, li pa menm yon mizik angaje, li se yon mizik politik.

Li ka parèt enpòtan pou moun gade nan ki nivo mizik sa yo enfliyanse mobilizasyon yo oswa/epi nan ki nivo mobilizasyon yo enfliyanse mizik sa yo, men nou menm, se pa sa ki entèrese nou. Nou reyalize, pandan n ap ekri a, atis Jenerasyon Envensib yo pa yon seri atis k ap nouri rèv atis depi ti katkat, se pa yon seri moun ki leve jwenn paran yo mizisyen epi k ap jwi yon eritaj. Se pa yon seri atis nonplis ki leve nan katye popilè epi ki reyalize sèl jan pou yo bon sou sistèm nan se pote diskou dominasyon an.

Se vre, majorite ladan yo te gen chans li nan kèk gwo liv anndan Inivèsite a epi jwi fòmasyon politik anndan òganizasyon yo, men pi gwo fòs mizik Jenerasyon sa a, sèke s on mizik ki kale nan mitan batay. Rolph Trouillot ta di ( Menm jan sa te ye pou lang kreyòl ak vodou nan tan lakoloni) , se pa yon Jenerasyon ki fin kreye k al fè mizik angaje, se yon Jenerasyon ki kale pandan l ap batay epi pandan l ap fè mizik. Kidonk, se pa san rezon mizik sa se yon mizik politik, yon mizik ki se yon zouti batay.

 

Alèkile

Alèkile mizik atis Jenerasyon Envensib yo akonpaye batay la nan tout chemen l pran. Atis yo toujou nan lari, diskou yo pa chanje e yo toujou ap pwodui mizik ki ankouraje chavire sistèm nan. Tout sa, pandan y ap òganize yo.

Jounen jodi a, Jenerasyon Envensib la se plizyè gwoup mizik (Règleman Afè Popilè, Lawouze, Rèd Powèt. ..), Plizyè Kolektif Rapè ( Powèt Revolte, Jenerasyon Fristre, Nan Mitan Batay…), Plizyè atis solo ( Keb, 35 Zile, Rebèl Pakamò, Ed-Daliriks, Geewee Never Die, B-Art Etènel Powèt, Blay’Z Matik, Bemòl Zion, BastiaGuerchang,  Malada, Vanessa Jeudi, Patriyòt 23, Krispèk…) pou n site sa k pi popilè yo.

Se plizyè labèl mizik ki an aktivite epi k ap pwodui mizik : Bosal Mizik, Evazyon , Ayabombe Musiq, Rebèl mizik, IAM

Plizyè medya anliy  ki espesyalize nan domèn mizik : Diskòb mizik, banmlirik, Punch-Raj…

Yon aplikasyon mobil estriming mizikal :  Diskòb

San konte divès fotograf, videyograf, grafis, animatè radyo, jounalis kiltirèl, pwodiktè ki se atizan san kondisyon Jenerasyon an.

 Kreye/Reziste a se tout yon filozofi. Demach la, jan Stefan Hessel prezante l la, se kreye pou reziste epi reziste pou kreye. Se yon rapò ale vini ki sezi reyalite a nan mouvman l.

Si w telechaje Diskòb deja, pa neglije al nan pati kèk playlist la, defile epi klike sou « playlist » Jenerasyon Envensib la.

Tout jan, toujou tande mizik ki ka sable lespri w !! 

 

FEN

Kite yon kòmantè