Jenerasyon Envensib : 7 lane batay, 7 lane mizik (Premye Pati)

Anba zèl inosans l ap grandi

Jouk pousyè reyalite tonbe nan je l

Li pran kòn  lanbi l

chante libète

E l foule beton jaden batay

Vaneesa Jeudi, Nanm (Dawout 2017)

Pou Antonio Gramsci (Entèlektyèl kominis italyen ki mouri an 1937), Leta se pa senpman gouvènman an. Menm si  souvan gen rapò ant yo, pouvwa Leta a layite kò l nan de kalte espas. Sosyete politik la – ki rasanble enstitisyon politik yo : lapolis, lame ak Lajisitis – ak sosyete sivil la, ki regwoupe enstitisyon kiltirèl yo (inivèsite, entèlektyèl, medya, atis). Nan premye espas la, se fòs ki fè lalwa. Dezyèm nan la pou pwopaje,  a vivwa oswa an kachèt, ideyoloji Leta a nan lide pou jwenn benediksyon majorite popilasyon an. Nan espas sila, se konsantman ki fè lalwa. Nan yon lojik konsa, sa pa etone nou si majorite atis ayisyen yo pa janm kesyone pouvwa tèt kale yo. Byennokontrè, nou dwe toujou raple n moun sa yo fè pati de moun ki la pou ede òganize dominasyon an.

Atik sa pa vize lonje dwèt sou yon reyalite tout moun konnen deja : Atis yo se yon grenn blòk nan edifis Leta a. Okontrè, li vize kanpe yon kategori gwoup mizik ki kale nan mitan batay epi ki pote yon diskou ki depaman ak diskou ejemonik lan. Atis ak gwoup sa yo gen yon istwa, yo gen yon espas fizik yo kontre, yo gen pwòp eslogan pa yo, pwòp estil yo, pwòp pratik lavi yo… Yo gen yon non : Jenerasyon Envensib

Atik sa ap prezante Jenerasyon Envensib la etank yon kominote atis-militan ki pote diskou epi ki poze aksyon ki ale nan sans enterè mas pèp la. Li prezante Jenerasyon an kòm kategori ki pi radikal nan diskou l ak zak l ap poze depi sèt dènye ane yo, yon diskou ki te prevwa tout sa ki ap pase nan moman yo la. Li vize ankouraje moun al tande epi sipòte atis sa yo. Se Mozo,  yon atis nan Jenerasyon Envensib la ki ekri l.

Ejemoni kiltirèl lakay Gramsci

Nou pap rete twòp sou sa paske objektif nou se pa diskite sou panse Antonio Gramsci, konsèp Ejemoni kiltirèl la pou kont kò l se yon konsèp ki laj men pou nou pi byen konprann demach atik la, li enpòtan pou nou fè yon ti kout je sou konsèp la.

Analiz Antonio Gramsci a koumanse a pati teyori maksis la, Gramsci te rann li kont, kontrèman ak pwomès teyori Marx yo, revolisyon kominis yo pa t rive fèt nan sosyete endistriyèl nan epòk li a e sa ta pral pouse l fòmile yon ipotèz :  Si pouvwa boujwa a rete an plas, se pa sèlman akoz pwoletè yo anba yon rejim bout fè, men sitou gras ak anpriz li sou reprezantasyon kiltirèl mas travayè yo. Ejemoni kiltirèl sa vin lakoz moun y ap domine yo adopte vizyon moun k ap domine yo, epi aksepte l kòmsi l te nòmal.

Dominasyon sa a monte epi kenbe atravè difizyon valè nan lekòl, legliz, pati politik, enstitisyon syantifik, inivèsitè ak atistik, mwayen kominikasyon pou mas yo. Pou chodyè a chavire, tout pouvwa k ap pran dwe pase pa yon travay ideyolojik byen long, yon preparasyon teren ki mande pasyans nan sosyete sivil la. Fòk ou ka vire lòlòj yo ti kras pa ti kras, enstale valè w ap defann yo nan domèn piblik la depi anvan epi nan objektif pou w pran pouvwa. (L’hégémonie culturelle chez Gramsci :  agirparlaculture.be)

Nou tou konprann, batay la pa piti. Se pa senpman nan konfwontasyon dirèk ak sosyete politik la pou batay la mennen, men nou dwe gen pwòp enstitisyon pa nou pou n twoke kòn ak enstitisyon boujwa yo nan sosyete sivil la.

Nan koumansman, se te Batay !!!

Nèg k ap batay se kako

KEB

Nan lane 2010, plizyè milye Etidyan antre nan Inivèsite Leta a. Malgre rezilta konkou yo pibliye nan mwa oktòb, pou yon espas tankou fakilte Syanzimèn, ansyen postilan yo te blije tann janvye 2011 pou koumanse suiv kou. Nou di suiv kou, pou n pa di etidye,  paske kondisyon yo pa t gen anyen pou wè ak sa nou ta ka rele etidye nan larepiblik. Se vre, se te yon lane apre gwo goudougoudou ki te anvayi peyi a, tout Fakilte yo te domaje. Se yon Inivèsite anba tant, san bon jan bibliyotèk, san sèvis kopi, san kafeterya, san materyèl ak espas sanitè, san mwayen transpò, san espas lwazi, san akonpayman. Etidyan yo te lage de bra balanse nan yon monn yo apèn antre.  Se te koumansman rejim tèt kale a. Pratik koripsyon ak pwopagann te gentan ap taye banda nan tout enstitisyon Leta yo. Inivèsite a, ak yon kolonn kowonpi nan tèt li, pa t neglije fè lapati mache. Men sa pa etone nou, nou sonje Inivèsite a fè pati Leta a tou.

Grasadye, nan moman an te gentan gen yon seri òganizasyon etidyan ki t ap milite nan espas sa yo nan lide pou fòse otorite yo amelyore kondisyon etid anndan Inivèsite a. San di pètèt, se reyalite nou sot dekri pi wo yo ki te ankouraje kreyasyon òganizasyon sila yo. Menm si genyen ki te gentan egziste depi nan lane 2004 yo. Piske nou nan Inivèsite , teyori ak aksyon se te demach òganizasyon sila yo. Senp lide pou yon òganizasyon rele tèt li Sèk Gramsci ( CELG : Cercle d’Etude en Littérature Gramscienne) montre nou nan ki nivo politik ak ideyolojik òganisayon yo te gentan rive nan epòk la. Nou pran egzanp Sèk Gramsci paske se te youn nan òganizasyon ki te pi ansyen epi ki te rive pi lwen nan batay pou ejemoni kiltirèl anndan espas Inivèsite a epi peyi a an jeneral. Tout lòt òganizasyon pwogresis ki ta pral kreye apre yo te pote mak Sèk Gramsci nan yon fason osnon yon lòt. Nan moman an tou, te gen anpil lòt òganizasyon ak vizyon epi ideyoloji diferan ki te kale nan ILA a tou. Sousi nou nan atik sa a, se pa pou nou analize ideyoloji ak pratik òganizasyon sa yo. Nou pale de yo pou n montre òganizasyon pwogresis nou mansyone pi wo yo pa t sèl kòk chante nan poulaye a ( m renmen imaj la !!!). Sa vle di yo te blije double fòs yo ak jefò yo pou mennen batay la pi lwen posib. Pou sa, yo te itilize tout kalte teknoloji : atelye lekti, aktivite espòtif, teyat, mizanivo pou etidyan, mizik… Nan moman an, Fakilte Syanzimèn, Fakilte Etnoloji ak Enarts te nan tèt lis espas ki t ap kreye aktivite kiltirèl ak akademik anndan Inivèsite a. Se òganizasyon sila yo ki te prensipal gwoup ki t ap mennen yo.

Se nan yon kontèks konsa, nan lane 2012 yo, yon atis tankou Kébert Bastien (KEB) ta pral konprann nesesite pou l itilize mizik kòm zouti pou l goumen kont move pratik anndan Inivèsite a, nan peyi a kou nan mond lan. Jiskaprezan, Apre twa albòm, divès « single » ak yon dividal kolaborasyon, Keb rete youn nan atis ki pi radikal alafwa nan diskou l ak nan zak li nan batay pou egalite sosyal ak ekonomik nan peyi a.

Se nan yon kontèks konsa tou, yon gwoup tankou Règleman Afè Popilè pral kale. Se pa yon aza si premye mizik yo se nan kolaborasyon ak Keb. Apre, yon mizik tankou SSTOP (Sispann Souse Ti Machann, Ouvriye, Peyizan ), pral rete yon klasik nan nivo pou anpil moun nan Jenerasyon Envensib la konsidere l kòm yon kad teyorik pou tout mizik k ap fèt nan jenerasyon an. Apre plis pase senk (5) single ak yon EP, mizik Règleman yo pa sispann akonpaye pèp la nan batay pou egalite sosyal ak ekonomik lan.

Se nan kontèks sa tou, yon rapè tankou 35 Zile pral mare sosis li ak Règleman Afè Popilè. Rankont sa a pral bay mizik 35 Zile yon dimansyon politik li pa t janm gen anvan, malgre li se youn nan pyonye yo ki te gentan fè pati yon gwoup tankou Majick Click. Rankont sa a pral pote pou mizik Règleman Afè Popilè a yon nivo matirite li pa t janm genyen anvan.

Apre, 35 Zile pral favorize rankont Règleman Afè Popilè  ak D-fi Powèt Revolte, Ed-Daliriks epi tout Powèt Revolte. Sa ki pral bay yon sistèm konesans ki sèvi ak pwòp kanal li epi pwòp enstriman l pou konprann mond lan, òganize lavi l epi fè mizik.

Epi vin gen yon mizik

Men prensip lan

Konvenk moun ak lide Envensib

Kwè nan grenn minisyon w menm lè nan tèt ou gen ven sib lan

JA-M Enigmatik

Si n konprann byen , Jenerasyon an egziste anvan non l. Non an pral vini jis apre, lè D-fi Powèt Revolte, youn nan rapè jenerasyon an ki pi popilè nan moman an, pral gen lide pwodui yon mizik ak divès rapè nan jenerasyon an. Envensib se 11 rapè ( tout yon ekip ?) : B-Art , Ed Daliriks, Ken-Fs,Lord IMP, D-fi, Ja-M ( Powèt Revòlte), Mawon Ann Di, Mozo ( Règleman Afè Popilè), Desil, Bemòl Zion epi Blay’Z sou yon mizik ki dire plis pase nèf minit. Si mizik Envensib la se replik yon mizik rap fransè ki reyini plizyè rapè sou menm « beat » la, enpak li sou kominite inivèsite a nan moman li soti a se yon bagay anraje. Paske rapè yo soti nan divès kominote epi lekòl rap diferan e paske yo viv menm reyalite yo, mizik Envensib la non senpman gen vayb pou tout moun, men tou l ranmase yon latriye revandikasyon, youn pi radikal pase lòt.

Jenerasyon Envensib/ Jenerasyon Ogou Feray ( JOF)

Je wè, bouch pale, Jenerasyon Ogou Feray pa mouri san pale

35 Zile

Mizik Envensib lan te ranmase yon pati revandikasyon etidyan ki t ap goumen anndan Inivèsite a te pote. Sa te nòmal, non senpman paske te gen nan rapè yo ki enplike byen fon nan batay la men tou paske nan moman an, gen anpil bagay ki t ap pase anndan Inivèsite a. Se te apre Rektora Inivèsite a te deside mete 19 etidyan Inivèsite a deyò an gwo ponyèt nan kad batay Inivèsite a, epi sispann yon dividal lòt. Kèk mwa apre, toujou nan kad batay pou refòm nan, 12 jen 2017, ansyen Dwayen Fakilte Etnoloji, Pwofesè Yves Blot pral pase machin li sou Goug, yon etidyan Etnoloji, apre yon asanble jeneral Etidyan. Si Blot ak Rektora Inivèsite a mennen tout yon kanpay manti ak denigreman, ak konplisite medya ak kèk etidyan, pou twonpe vijilans popilasyon an epi ede Blot chape anba men lajistis, etidyan yo mennen yon batay san pran souf pou kontinye mande refòm anndan Inivèsite a anpi jistis pou kanmanrad yo John Rock Gourgueder. Evennman sa yo pral bay mizik Envensib la, ki soti 6 mwa anvan sa, plis plas nan lespri ak imajinè kominote a. Goug, ki soti pliye anba yon machin k ap kouri ak tout boulin, ki rete vivan epi ki kontinye ap reziste, vin senbolize imaj Envensib la nan li menm. Se konsa, tout etidyan nan jenerasyon an pral koumanse idantifye yo ak etikèt Envensib la. Jenerasyon Envensib la pral tounen yon kokennchenn òganizasyon, nou anvi di enfòmèl, ki pral marande revandikasyon ki gen pou wè ak mizik, ak Inivèsite Leta ak peyi a epi ak mond lan an jeneral.

Pita, 35 Zile pral soti yon mizik ki rele LIBERAKSYON e ladan l, li pral pale de Jenerasyon Ogou Feray ki pral tounen yon lòt etikèt pou Jenerasyon an.  Etikèt Jenerasyon Ogou Feray la te gen avantaj pou l penmèt plis moun idantifye yo ak mouvman an. Se vre, nan tèt anpil moun, Jenerasyon Envensib la te sitou yon ansanm atis ( sitou rapè) ak aderan ki konekte gras ak mizik epi mobilizasyon nan kad batay Inivèsite a. Jenerasyon Ogou feray la pral rann li pi fasil pou yon moun ki pa nan domèn mizik epi/oswa ki pa menm nan Inivèsite a idantifye l ak Jenerasyon an.

Alèkile Jenerasyon Envensib ak Jenerasyon Ogou Feray se de gouden ak senkant kòb. Nou ka chwazi itilize youn oswa lòt pou bezwen analiz nou, pou ekonomi langaj nou oswa pou kreye figi estil nou.

Tout jan, Jenerasyon an rete yon kolonn etidyan, pwofesyonèl, aktivis politik, aktivis kiltirèl, atis, powèt, jounalis, reskonsab medya ki nan yon lojik Kreye/Resiste epi ki pa janm vire do bay batay, pou yon lòt sistèm ki chita sou egalite ekonomik ak sosyal. Sou Libète ak byennèt.

Kite yon kòmantè