Ti bourik pote chay san l pa konnen : Yon ti kout je sou kesyon Dwa dotè an Ayiti

« Depi tanbou frape ayisyen leve danse » nan kèlkeswa bò nou ta manyen pawòl sa moun renmen repete, li tradui enpòtans nou bay mizik nan sosyete a. Mizik okipe yon plas enpòtan nan istwa nou kòm pèp. Konsa nou viv anpil gwoup, mizisyen, atis ki kite tras yo nan istwa mizik an Ayiti. Moun sa yo konsakre lavi yo oubyen yon bon pati nan lavi yo nan fè mizik. Men yo pa janm rive viv ak zèv yo pwodui. Nou gen plizyè egzanp atis ki te chaje talan, ki fè gwo siksè ki mouri nan lamizè ak lendiferans. 12 oktòb 2005 Leta Ayisyen pran yon dekrè ki kreye Biwo Ayisyen Dwa Dotè (Bureau Haïtien du Droit d’Auteur :BHDA) [nan lang franse], yon enstitisyon pou pwoteje zèv moun k ap kreye nan domèn atistik, literè ak syantifik. Yon fason pou pèmèt atis yo antre lajan ak sa y ap pwodui. 13 lane apre ki avansman ki fèt nan kesyon dwa dotè a? Fason moun fè epi konsome mizik pa sispann evolye. Jodia mizik la preske kite analojik la nèt. Se platfòm dijital yo k ap mennen, sitou yo ta vle ofri plis avantaj. Kòman BHDA abòde kesyon sa ? Nou menm nan Diskòb, ki se yon medya k ap fè pwomosyon, difizyon epi vann mizik ayisyen, nou te fè yon ti chita pale ak direktris enstitisyon an ki se Emmelie Prophète nan lide pou nou konnen nannan koze a.

Yon travay alabaz

Si se vre Biwo Ayisyen Dwa Dotè kreye nan lane 2005, «Ayiti se yonn nan premye peyi nan rejyon an ki panche sou kesyon pwopriyete literè ak atistik» lè nou konsidere dekrè 1864 la. Dekrè sa te chita sitou sou domèn literè epi aspè finansye kesyon an. Pita nou vin genyen dekrè 1885, 1968, pou nou rive nan 2005 lan ki kreye BHDA. Fòk nou di tou anvan te gen yon direksyon dwa dotè nan Ministè Kilti. Dekrè 2005 lan vin mete sou pye yon enstitisyon ki «mèt tèt li» ak yon travay pou li fè. Ayiti tou se manm Konvansyon Bèn ki se trete yon gwoup peyi siyen pou pwoteje zèv literè ak atistik. Sa montre nou menm si domèn nan parèt poko te egziste isit, nou gen plis pase yon syèk depi n ap eksperimante dwa dotè. Malgre sa nou anreta anpil sou kesyon an. Nou twouve nou nan yon milye kote se kèk moun ki konnen sa ki dwa dotè a. Menm jan sa ye pou yon pakèt lòt sijè nan peyi a, pifò moun pa konn dwa yo epi Leta pa pran dispozisyon vre pou lwa yo aplike kòmsadwa. Sa lakoz nou nan yon sitiyasyon kote ni moun k ap kreye yo ni moun k ap konsome zèv yo pa sènen kesyon dwa dotè a. «Atis la te konprann lè li fè yon mizik se pou li sou tout radyo, tout kote, san yo pa peye l, epi moun k ap itilize mizik sa panse se sèvis y ap rann atis la». Nan sans sa travay la te sipoze fèt depi nan kòmansman. Aprann moun yo konn dwa yo ak respekte dwa lòt yo, sitou chanje mantalite yo «menm medya yo jiskaprezan poko dakò totalman sou prensip peye dwa dotè a».

Mezi ki apwopriye

Atis, kreyatè yo, nan yon sans, se yon «metye» y ap fè, fòk yo ka viv ak sa y ap pwodui yo. Tout moun poko ka aksepte lè ou itilize yon zèv, li gen yon mèt, se yon moun ki fè l, ki gen yon dwa sou zèv sa. Nou konn jan medya yo pisan bò isit, sitou radyo ak televizyon yo. Men konbyen nan yo ki dakò peye sa yo gen pou peye pou zèv atis yo y ap itilize chak jou? «anpil radyo k ap fonksyone panse se yon sèvis piblik y ap fè, men y ap fè yon sèvis piblik ki pa nan benefis atis yo». Nan lide sa BHDA pran mezi pou delege jesyon kolektif la. Jesyon kolektif dwa yo se siveye tout radyo, sit ak lòt k ap itilize mizik ki pwoteje epi voye fakti pou yo. Sa yo rele «monitoring» lan. Mezi sa konsène menm espas tankou restoran, labank… Moun sa yo ap peye BHDA li menm k ap remèt atis yo kòb la. Enstitisyon an pa gen mwayen pou li mete yon teknoloji konsa sou pye pou reyalize travay la, li oblije travay ak enstitisyon prive. Sa fè li siyen yon pwotokòl akò ak Gwoup LEXAR, ki se yon sosyete ki spesyalize nan domèn sa. Rapò difizyon ak fakti yo te dwe soti nan jou yo la. Kòm BHDA se sèl enstitisyon ki gen dwa regle jesyon kolektif yo, menm si yon atis pa anrejistre nan BHDA enstitisyon an ap touche pou ou. Kòb sa ap rete la jiskaske atis la vin anrejistre pou li jwenn li.

Kontrèman ak majorite lòt peyi, lwa nou yo pa bobo vre ak reyalite sosyete a. Yo toujou ap trennen. Dekrè 2005 lan gentan pral gen 14 lane men jiskaprezan okenn modifikasyon poko fèt ladan. Jodia nimerik, «streaming» ap vale teren. Nou gen kapasite pou nou suiv dans lan, men fòk lwa nou yo adapte ak reyalite a. Nan dekrè 2005 lan gen atik 45 lan ki pèmèt yo fè sa ki rele «kopi-prive». Kopi-prive a bay yon moun dwa kopye yon zèv pou itilizasyon pèsonèl li(men ki limite) pandan y ap pran yon kòb sou aparèy stokaj la. Tankou òdinatè, kle usb, cd, menm telefòn entelijan. Kòb sa ap rive jwenn BHDA, epi li menm l ap remèt atis oubyen moun ki gen dwa sou mizik la li. Yon mwayen pou fè kòb ak nimerik la. Men pou atik sa aplike fòk gen yon dekrè daplikasyon, yon lòt dekrè ki pou rann li fonksyonèl. Kòm sa pa janm rive fèt dekrè a rete sou papye. Se t ap youn nan mwayen pou konbat pirataj zèv nan lari yo. Ak nimerik la ak «streaming» nan direktris la konfyan pwoblèm sa preske rezoud «mwen menm m pa pral kouri dèyè moun ki gen detwa grenn dvd l ap vann nan laria paske yo pral disparèt totalman». Si se vre n ap jwenn yon ti souf ak koze pirataj zèv nan laria eske ofon pwoblèm nan olye li rezoud pa jis deplase sou yon lòt teren ? Lè nou konsidere nou pa gen okenn kontwòl sou nimerik ak streaming. Jodia nan preske tout peyi atis ak konsomatè mizik yo ap lage kò yo plis nan platfòm dijital yo. Isit se pratikman menm bagay la, men kontrèman a lòt peyi yo lwa nou yo pa adapte pou sa.

Atis yo fas ak BHDA

BHDA se sèl enstitisyon leta rekonèt pou fè jesyon kolektif la. Nan sans sa atis yo preske twouve yo nan obligasyon pou yo travay ak enstitisyon an. Sitou konnya anpil estidyo anrejistreman mande atis yo pou yo anrejistre nan BHDA. Gen atis ki anrejistre nan sosyete jesyon kolektif nan peyi etranje tankou SACEM. Se vre sosyete sa yo chapante, men yon kote eske li pèmèt atis yo antre lajan vre ? Gen detwa atis ki ka fè kòb. Sa nou rele tenò yo. Men pou rès yo se pa menm bagay la ditou. Yo pa preske itilize mizik yo nan lòt peyi. Alòs pa gen mwayen pou yo antre kòb vre paske «mache atis ayisyen yo se isit li ye». Menm si li pa chapante.
Lakoz mwayen enstitisyon an limite anpil li rete sèlman nan kapital la. Yo fè misyon nan lòt vil yo pou yo kapab anrejistre atis k ap evolye andeyò pòtoprens yo. Yon lòt bò BHDA fè sansibilizasyon sou kesyon dwa dotè a. Nan mwa me ki sot pase la yo anime yon «Salon du droit» ki te dewoule nan otèl Marriott kote «plis pase mil moun te patisipe». Epi tou travay ak ekspè sou dekrè 2005 lan pou wè nan ki mezi yo ka adapte li ak reyalite jodia. Gen yon pwogram pou ankadre etidyan k ap travay sou kesyon dwa dotè tou. Yo fè fòmasyon pou atis yo pou yo ka byen konprann domèn nan. Ankouraje yo gen avoka pou defann yo lè dwa yo pase anba pye. Paske «se pa travay BHDA pou trennen moun nan tribinal pou atis yo. Nou ka konseye yo men se yo ki pou pran dispozisyon yo».

Jiskaprezan anpil moun poko byen konprann sa ki dwa dotè a. Mete sou sa yon kategori moun/enstitisyon ki twouve nòmal pou y ap itilize, fè lajan ak yon zèv san moun ki pwodui zèv sa pa benefisye anyen. Atis yo bò kote pa yo dwe mete tèt yo nan kondisyon pou yo kanpe kont moun k ap itilize zèv yo nan move kondisyon. BHDA la pou akonpànye yo nan pwosesis sa, men inisyativ la rete nan men atis yo «se poutèt sa nan BHDA nou kwè toutan atis yo poko deside pou yo fè sendika pou yo di medya yo tanpri silvouplè pa pase mizik mwen san w pa voye kòb la ban mwen nan BHDA n ap toujou konfwonte kesyon dwa dotè a» Toujou daprè direktris la «dwa dotè a se yon kesyon etik, yon kesyon konsyans». Moun/enstitisyon yo konnen yo sipoze respekte lalwa sou itilizasyon zèv atistik yo.

Men kote Leta nan koze sa ? Eske yon pozisyon konsa pa nan yon sans dedwane enstans ki la pou fè respekte lalwa ? Si se vre yon kote dwa dotè a se yon kesyon etik, konsyans men anvan tout bagay li gen pou wè ak Leta ki dwe kreye bon kondisyon pou lalwa respekte. Tankou pwovèb la di «si pa gen sitirè paka gen vòlè». Alòs se pou chak moun pran responsablite yo. Gen anpil travay ki rete pou fèt nan domèn nan. Epòk nimerik ak «streaming» nan reprezante yon gwo avantaj nan kesyon sa, men fòk lwa nou yo mache ak reyalite a.

Se nan lide sa Diskòb pwopoze yon eksperyans tou nèf nan batay pou chapante zafè itilize mizik isit, men tou pou atis yo kapab viv de zèv yo. Pou sa BHDA ak Diskòb pran angajman pou yo travay men nan men. Nou ret kwè pwoblèm sa n ap rive rezoud li ansanm.

Renaldo MESIDOR

Kite yon kòmantè