Tribilasyon ak kè kontan

ANT TRIBILASYON AK KÈ KONTAN : TANTATIV POU KONPRANN WÒL CHANTE/MIZIK NAN IMAJINÈ KOLEKTIF AYISYEN AN ATRAVÈ MIZIK KEB (CHANTE)

Si nou ta kanpe devan baryè yon sal oditoryòm ki te gen yon konsè klasik, pou nou mande kèk moun kisa mizik oubyen chante vle di pou yo, majorite moun ta ka pran konte sou dwèt kantite valè pozitif ki degaje nan chante ak nan fè mizik. Se petèt rezilta sa yo sot viv kòm spektak mizikal anndan sal sila a. kèk moun ta ka di tou se pa pi bon moman pou poze yo kesyon sa a. men n’ap raple jijman moral pa dwe bòykote yon demach syantifik men jijman moral yo ka sèvi kòm koze nou dwe etidye syantifikman. Dayè, nou ta ka poze kèk kesyon tankou poukisa se mòd kalifikatif tankou entèlijan, moun ki konnen ak klasik melomàn sa yo chwazi mete dèyè mo mizik la ? èske tout moun ki ap soti nan sal sa viv mizik/chante yo sot eksperimante a oubyen se siy pou voye yon mesaj sou estati sosyal yo ? poukisa pawòl yo tou pretann yon distenksyon ant mizik klasik ak mizik popilè ?

Nan nivo sa a, se pa tèlman anime yon deba ant mizik klasik ak mizik popilè ki plis enterese n’. Deba sa ka toujou enterese n, men n’ap jis grafonyen l’ la enpi n’ap kite l’pou yon lòt tit. Paske sa ki plis enterese nou nan tit sa, se wòl chante/mizik popilè nan imajinè kiltirèl ayisyen an ki enterese n’. E nap fè sa atravè katriyèm mizik albòm pwennfèpa Kebert Bastien (Samba KEB) la ki se « Chante ».

Lè manmanm oubyen matant mwen, ki se moun ki leve oubyen k’ap viv andeyò, ap chante se pa  senpman paske yo anvi chante ni senpman paske kè yo kontan ; yo pa gen sousi mete kalifikatif sou mizik yo a tou. Dayè yo chante nan tout moman nan lavi yo : pandan y’ap lave, y’ap pase, fè manje, lè pou yo ta kriye, elt. Konsa, chante pa yon moman nan lavi ni chante pa tout lavi yo men yo ka fè tout lavi yo ap chante pou yo voye oubyen resevwa kèlkelanswa mesaj la dapre jan yo santi l la. Se egzakteman sa KEB ap desinnen nan mizik chante a lèl di : « li (pou pale de pèp ayisyen an) chante larivyè / li chante nan mache / li chante lè lavil an danje… ». sa ki enteresan se paske yon bon kou moun ta ka temwanye sa sou grann yo, matant yo k’ap viv oubyen ki se moun andeyò. Nou ta ka mande nan ki moman mizik moun sa yo te bijo gen kalifikatif ? poukisa kalifikatif sa yo se parapò ak mizik sa yo rele entelijan yo ? poukisa yo chak gen yon piblik espesifik, ki petèt gen fontyè varyab, ki reklame yo de modèl mizikal sa yo alòske yo gen rapò antre yo ?

Kèlkelanswa atik sou rapò/diferans  mizik klasik ak mizik popilè pa kache tout sa chante/mizik yo rele klasik yo prete nan men mizik yo rele popilè yo. Se sa k’ fè, diferans yo toujou chita sou sa ki parèt yo men pa sou reprezantasyon. Nan yon dosye anliy sou sit symphozik.info a ki titre mizik klasik ak mizik popilè[1], yo bay kèk karakteristik mizik/chante popilè : li fèt pou yon piblik ki laj, li itilize yon langaj senp, li pa ka travèse tan (ozalantou twa mwa), li eksprime sou fòm chante ak danse senpman, yo la sèlman pou fè moun griyen dan. Ofinal, tout karakteristik sa yo kontrè ak pa mizik klasik yo ki gen yo itilite siperyè dapre yo menm, ki la pou anpil tan enpi se moun ki entelijan ki plis entèrese ak li. Men, nan yon travay istoryen ameriken William Weber fè sou konesans istorik fòmasyon gou mizikal pandan dizuityèm syèk la, Stephanie Dorin di travay sa montre gou mizikal ak pwodiksyon mizikal yo bobo ak yon lojik sosyal(-ekonomik) sitou nan moman fòmasyon laboujwazi ewopeyen[2]. Sa ki ta souzantann yon batay klas nan mitan gou ak pwodiksyon mizikal yo. Sa souzantann tou, pa gen piblik mizikal san diskou mizikal. Si nou transpoze refleksyon sa a konsa sou reyalite ayisyen an, nou gendwa pa rive konprann sa kisa chante reprezante nan imajinè sosyo-kiltirèl ayisyen an. Paske non sèlman sistèm ekonomik ak politik mondyal la ap toufe kilti popilè a men se ak koutmen elit ayisyen yo plis pitit klas popilè yo ki souvan anime ak bon entasyon. Dapre Laennec Hurbon[3] se rezilta enperyalis-kiltirèl-oksidantal la men tou ideyoloji dominan an Ayiti ki se ideyoloji relijyon konjige ak tou mwayen ki anba men l’ pou kraze kilti ayisyen an ki se Vodou. Se nan mitan doub dinamik sa KEB ap sitiye chante kòm ekspresyon popilè. Se yon mizik k’ap lite anmenmtan k’ap asire solidarite ak pataj nan mitan piblik li pou li a.

Gen kèk otè, pami yo Laennec Hurbon, ki toujou wè Vodou, ki se yon eritaj afriken dapre menm otè a, tankou pilye[4] kilti ayisyen. Prete fòm konpreyansyon sa ka bay plizyè pwoblèm : premyeman li ta ka bay yon gwo difikilte pou w trase liy sipa ant vaudou ak rès eleman ki nan kilti ayisyen an, dezyèmman li ka repwodui menm konfizyon ki konn nan kesyon banal sou èske yon moun vodouyizan dapre kilti oubyen dapre relijyon. Se sa ki fè nou prefere konsidere Vodou tankou sou branch tout lòt branch yo pouse a. anplis, lè yon moun di Vodou se eritaj afriken, sa ka anpeche ou rive sènen tout dinamik ki gen nan kilti ayisyen an : langaj kode, pale an daki, bèl dan pa di zanmi, elt. Paske, kilti Ayisyen pa eritaj Lafrik enpi se fini. Yon afimasyon konsa kache 2 koze esansyèl : premyeman melanj ansanm kilti ki te ankontak sou kontinan an, prensipalman sou zile Dayiti, dezyèman se pa yon melanj paske otoktòn Lafrik te anvi melanje kilti yo ak moun, men se yon batay kote gwo zotobre ap fòse n’ dakò n’se esklav, n’ap fè kòmsi n’ dakò, nou fè tankou nou pran tout mès li di nou esklav dwe genyen pou nou pa mouri, anba anba n’ap vomi sa k’ap touye nou pandan n’ap melanje sa nou te konnen deja ak sa nou fenk ap dekouvri pou n ka viv, elt. Ansanm zak sa yo se eskpresyon yon doub demach ant sa nou montre ak sa nou ye ki byen kache jis anndan nanm nou, ant sa nou fè ak sa nou vle fè, ant tribilasyon ak kè kontan n’. Se tablo sila a mizik « Chante » a ap mete kanpe. Se ekspresyon doub dinamik sa nan yon bèl kout plim ki pa pretann li ka travèse plizyè syèk paske se ekspresyon sa n viv jodi a, demen, apredmen, kòm listwa, kòm eksperyans kotidyen. Ki gen tout sans li toutotan chapant sosyal-kiltirèl la rete entak.

Pou n’ tounen nan sa ki enterese n’, renmen chante, kòm eritaj afriken, se pa yon senp pasyon pou ayisyen. Chante se sèl kote gran gran pè m ta ka repoze lè fwèt kach ap tonbe sou do l (parekou), chante se fason pou m’ di m’ se moun enpi m’gen kilti pa m’ (revandike), chante se fason pou m’ pale ak frè m’ ak sè m’ san zotobre pa bezwen konn kisa n’ap di (kominike), m’chante fwèt kach la tou pou m’ di kijan kwak li chire po do m’ li pa mete san libète ak byennèt la deyò (reziste), m’chante lalin ak solèy la (kosmogoni), rekòt la (kontantman). Nan lòt mo, chante se ekspresyon tribilasyon men se ekspresyon kè kontan tou. E, Ayisyen pa fè youn annapre pou l’ fè lòt la. Paske l’ap kodifye nan yon langaj kote se kreyòl k’ap chante, kreyòl k’ap konprann. Se pa pou san rezon Samba Keb, nan mizik Charlemagne Péralte la di : «  w’ap pale kreyòl ou pa p’ janm konn listwa m’». metòd sa a travèse tout tèks chante a. Nou chante poun voye yo ale / … / nou chante poun resevwa yo tou se yon ekspresyon politik, se yon ekspresyon mistik men tou se yon ekspresyon sou modèl lavi nan mitan lafanmi ak kouman nou akeyi moun nan lakou lakay. Chante tou se ekspresyon modèl ekonomik nou prekonize paske nou chante nan mache (lokal)/ … / nou chante pou pwogrè (yo modèl ki jèmen anndan (endogêne)).

Kidonk, jan KEB di nan « Chante », nou chante pou chante – lavi nou se Do Re Mi – men nou pa chante kantamwa – Yon pèp le l’ap chante l pap jwe tou-. Nou chante lè gen nesesite ; pou n’ pa mouri toufe. Ofinal, ou ka tante di gou mizikal, chante ak pwodiksyon mizik nan imajinè kolektif ayisyen an se yon mouvman stab nan sans nou chante e n’ap kontinye chante pou tout bagay san janmen poze ankenn zak pou modifye chapant sosyal-kiltirèl ki kale modèl oryantasyon nou bay ekspresyon sosyal-kiltirèl sila a ki se chante. Chak tan nou chante se yon moman pawòl, men tou se yon moman aksyon kote n’ap reziste, n’ap rakonte, n’ap kominike jiskaske ansanm nou mete bout nan modèl ekonomik ak sosyal – deyò kou anndan – ki fè wè nou tankòm sovaj yo dwe mete aleka a. Se sa KEB eksprime tou nan fraz sila yo : « nou gen poun fon chante / jou ogou va monte n / poun di je vèt nou gendwa poun viv ». jou Ogou va monte n’ se petèt yon lòt seremoni bwa kayiman, men jou sa n’ap kontinye chante detèminasyon. Menm lè nou gen viktwa, n’ap kontinye chante ; yon chante ki ka gen yon lòt oryantasyon. « Chante » kòm zèv atistik, poze baz deskriptif pou kèk travay ta tanmen sou teyorizasyon wòl mizik nan imajinè kiltirèl ayisyen. Annatandan, nou ka di chante ayisyen nou se yon Mizik-ekilib-dinamik : nan sans yon mizik ki penmèt ekilib nan mitan sa k fè mizè n’ ak sa k fè kontantman n. yon mizik ki ka deklannche pwosesis transfòmasyon sosyal la pandan l’ap transfòme tèt li. Boutofen, chante pou nou pa yon egzèsis kote n’ap chèche kèk aranjman nan imajinè nou annapre pou n gade si l reponn ak kèk kritè ki deja la pou kategorize l pami mizik entèlijan oubyen popilè. Ayisyen chante sa l’ viv. Se sa menm KEB ranmase kòm diskou mizikal.

*Wilson Thiersaint*


[1] Azerty. Musique classique et musique populaire. [dosye anlily]. https://www.symphozik.info/musique-classique-et-musique-populaire,90,dossier.html. Konsilte jou ki te 28 jiyè 2019.

[2] DORIN, Stéphanie (dir.). Les publics de la musique classique à l’avant-poste des transformations de la participation culturelle à l’ère numérique. [dosye anliy]. http://www.stephanedorin.eu/uploads/3/8/0/0/38009955/dechiffrer-dorin_2018-_intro.pdf. Konsilte jou ki te 28 jiyè 2019.

[3] HURBON, Laennec. Culture et dictature en Haïti.
L’imaginaire sous contrôle.
[fichye pdf anliy].
http://classiques.uqac.ca/contemporains/hurbon_laennec/culture_et_dictature_en_Haiti/culture_et_dictature_en_Haiti_tdm.html. P. 13. Konsilte jou ki te 28 jiyè 2019.

[4] Ibid. p. 13.



Kite yon kòmantè